CBP Home Lu an Kreyòl
felicia.brown
Tue, 05/13/2025 – 12:26
Paj Akèy CBP Home Asistans pou Depa Volontè
DHS ap itilize aplikasyon CBP home nan pou ankouraje depa volontè etranje ki ilegal Ozetazini yo.
Ankourajman
Itilize aplikasyon CBP Home nan pou fè depa volontè a gen avantaj sa yo.
Pou patisipe, etranje yo dwe itilize aplikasyon CBP Home nan pou anrejistre entansyon yo pou kite Etazini volontèman.
Fason pou Itilize Aplikasyon CBP Home nan
Kesyon yo Poze Souvan
CBP Home se yon aplikasyon mobil ki bay itilizatè yo aksè ak divès sèvis Dwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini (U.S. Customs and Border Protection (CBP) bay, san wete fonksyonalite Entansyon Depa a. Fonksyonalite sa a ofri etranje ki Etazini ilegalman yo yon pwosesis volontè, ki estriktire epi ki ankadre ki pèmèt yo fè gouvènman an konnen entansyon yo genyen pou yo kite Etazini. Itilizasyon aplikasyon CBP Home nan kòmanse pwosesis la.
Kounye a, CBP Home ofri yon pwosesis volontè, ki bay avantaj pou pèmèt etranje ki ilegal Ozetazini aktyèlman la yo retounen nan peyi orijin yo oswa nan lòt peyi ki prè pou akeyi yo, selon pwòp kondisyon yo. Patisipan yo itilize aplikasyon CBP Home nan pou anrejistre entansyon yo genyen pou kite Etazini volontèman, olye yo kite yo mete yo nan detansyon oswa olye ICE depòte yo. Etranje ki elijib yo ka kalifye pou jwenn sipò, san wete yon èd pou vwayaj epi pou jwenn dokiman, epi y ap soti sou lis moun ICE priyorize pou mete nan detansyon epi pou depòte yo pandan preparasyon depa yo a. Nenpòt etranje ilegal ki itilize aplikasyon an epi ki konfime depa yo atravè aplikasyon an ap resevwa yon sibvansyon $1000 dola.
- Etranje ki ilegal ki pa kriminèl ki Ozetazini epi CBP te idantifye nan fwontyè a.
- Moun ki te benefisye yon estati liberasyon sou kondisyon kolektif epi estati legal pou yo ret Etazini ekspire oswa pral ekspire.
Etranje yo dwe prezan fizikman Ozetazini nan moman y ap soumèt entansyon depa yo a.
Itilizasyon aplikasyon CBP Home nan pou yon depa volontè ofri etranje ki ilegal Ozetazini yo avantaj sa yo:
- Yon sibvansyon $1000
- Etranje a ap jwenn sibvansyon an apre li fin konfime, li rive kote l t ap ale a nan aplikasyon an.
- Asistans finansye ak asistans pou jwenn dokiman vwayaj pou moun ki bezwen
- Etranje ilegal ki anrejistre pou depa volontè atravè aplikasyon CBP Home nan ka elijib pou resevwa asistans finansye pou depa yo. Si etranje a elijib, gouvènman Ameriken an ap ede nan rezève tikè epi/oswa nan jwenn dokiman vwayaj ki nesesè. Kòm avantaj, y ap òganize yon depa byen rapid pou etranje ki mande èd yo (yo estime, depa a ap reyalize nan 21 jou apre yo fin apwouve l). Etranje ki bezwen asistans yo dwe asire yo, yo bay enfòmasyon sou fason pou kontakte yo ki egzak epi pou yo reponn rapidman lè yo kontakte yo.
- Peryòd pwolonje pou vwayajè k ap finanse pwòp depa yo
- Aplikasyon CBP Home nan pèmèt etranje yo òganize depa yo, san wete, y ap benefisye yon depa nan yon delè rezonab – sa k ap ba yo posiblite pou yo kanpe tout aktivite pwofesyonèl, eskolè, ak aktivite pèsonèl yo, epi pou yo prepare depa yo yon fason ki òdone epi ki konfòm ak lalwa.
- Vwayajè ki finanse pwòp depa yo, ka pati nan yon delè rezonab selon pwòp kondisyon yo, epi pandan peryòd sa a, y ap wete yo sou lis moun ICE priyorize pou mete nan detansyon epi pou depòte yo.
- Kite peyi a volontèman ka amelyore opsyon imigrasyon alavni yo.
- Etranje a ap soti nan lis moun ICE priyorize pou depòte yo
- Depi etranje yo fin soumèt entansyon pou yo fè depa a atravè aplikasyon CBP Home nan epi yo fin pase verifikasyon yo, y ap wete yo sou lis moun ICE priyorize yo pou tout mezi detansyon oswa aplikasyon lalwa, jiska dat ki prevwa pou depa yo a (si se yo menm ki finanse vwayaj yo) oswa jiska dat vòl ki prevwa pou vwayaj yo òganize pou yo a (si yo resevwa asistans).
Si w Ozetazini ilegalman, ICE pral kontinye kite w sou lis moun li priyorize pou l depòte yo. Se yon pwosesis ki souvan mennen moun nan detansyon epi depòtasyon rapid, epi k ap mennen yon entèdiksyon pou jwenn viza pandan twa (3) lane, pandan dis (10) lane oswa pou tout lavi akoz ou te la ilegalman.
DHS ankouraje tout etranje ki ilegal yo pou yo kite Etazini pi rapid posib. DHS ka elaji moun ki konsène yo alavni. Nou ankouraje etranje ki pa ko elijib pou CBP Home epi ki mande asistans yo pou yo kontakte anbasad/konsila peyi yo pou yo ka jwenn asistans pou òganize depa pou tounen lakay yo.
Nan moman y ap soumèt entansyon depa yo atravè aplikasyon CBP Home nan, etranje yo dwe bay:
- Non
- Siyati
- Dat nesans
- Sèks
- Nimewo telefòn
- Peyi kote yo se sitwayen
- Peyi kote yo prale a
- Nimewo Rejis pou Etranje (si sa aplikab):
- Y ap mande moun ki aplike yo pou yo pran yon foto tèt yo, oswa yon sèlfi ki klè
Aplikasyon CBP Home nan itilize menm adrès imèl, menm modpas epi menm metòd otantifikasyon segondè ak ansyen aplikasyon CBP a. Si ou bezwen èd pou w kreye yon kont, pou w reyinisyalize modpas ou, oswa pou w chanje metòd, vizite www.login.gov pou w jwenn asistans.
Gen yon bann rezon ki ka fè yo rejte demann yon etranje atravè aplikasyon CBP Home nan. Toudabò, sa ka rive lè yon etranje pa ranpli kondisyon yo presize nan “Kiyès ki ka benefisye avantaj yo?” Oswa paske yo pa al gade kesyon moun poze pi souvan (Frequently Asked Questions, FAQ) yo oswa yo pa swiv enstriksyon yo rekòmande pou pran foto yo a. Asire w tout foto w ap soumèt yo klè, gen ase ekleraj, epi gen sèl vizaj ou. Si w gen nenpòt lòt enkyetid, tanpri voye yon imèl nan CBPHome@cbp.dhs.gov.
Pou etranje ki elijib men ki pa ka finanse depa yo, kounye a gen yon asistans pou finansman ak rezèvasyon vwayaj. Pou sila yo ki pa gen yon paspò entènasyonal ki valid oswa dokiman vwayaj pou antre nan peyi orijin yo, kounye a gen yon asistans pou etranje yo ka jwenn tip dokiman sa yo.
Wi, si w ka finanse vwayaj ou a men w bezwen èd pou w jwenn yon dokiman valid, ou ka endike sa nan aplikasyon an. Etranje ki bezwen asistans ak dokiman vwayaj yo dwe reponn “non” lè yo mande yo nan aplikasyon CBP Home nan, si yo “gen yon paspò peyi orijin yo ki valid, ki pa ekspire. Y ap oryante etranje ki elijib yo kote pou yo jwenn dokiman vwayaj valid nan kad pwosesis CBP Home nan.
Aktyèlman la a, pa gen okenn dat limit pou aplike. Sepandan, nou ankouraje etranje ki ilegal yo pou yo pwofite opòtinite sa a pou yo fè yon depa volontè pi bonè posib, anvan ICE koumanse pran mezi pou fè depòtasyon fòse. Lè yo fè yon depa volontè atravè aplikasyon CBP Home nan, etranje ilegal yo ka pran kontwòl sitiyasyon yo, benefisye yon èd finansye ak èd pou vwayaj si etranje a elijib, epi l ap evite ICE mete l nan detansyon epi depòte l imedyatman.
Wi. Pou fè sa, anrejistre manm fanmi w yo kòm ko-vwayajè nan aplikasyon CBP Home nan. Depi w fin soumèt premye etranje ki majè nan aplikasyon CBP Home nan, yo pral mande w si w ta renmen soumèt yon lòt. Y ap konsidere etranje yo soumèt pandan menm sesyon CBP Home nan oswa ki itilize menm imèl Login.gov la kòm ko-vwayajè. Si fanmi w finanse pwòp vwayaj li, ou ka òganize depa fanmi w ansanm poukont ou. Si w mande asistans, ou dwe konfime demann vwayaj ou a kòm yon inite familyal depi yo kontakte w.
Wi. Chak etranje ilegal ki Ozetazini—san wete minè yo—dwe anrejistre nan aplikasyon CBP Home nan pou resevwa avantaj asistans pou depa volontè CBP Home ap bay la. San anrejistreman sa a, yo pa p ka konsidere minè yo kòm moun ki fè yon depa volontè epi yo pa p resevwa avantaj yo ofri atravè aplikasyon CBP Home nan. Sepandan, minè yo ka anrejistre nan aplikasyon an sèlman apre yon moun majè fin anrejistre pandan l ap itilize menm kont imèl Login.gov la.
Wi. Minè legal yo (timoun yo) ka vwayaje avèk paran yo, responsab legal yo, ak kondisyon:
- Yo dwe pase kontwòl abityèl CBP yo, tankou verifikasyon idantite ak estati imigrasyon yo.
- Paran ak responsab legal yo dwe gen yon lèt konsantman notarye ki sot nan men tout paran oswa responsab legal ki pa vwayaje ak timoun nan. Ou ka jwenn egzanp lèt konsantman yo anliy lè w chache ‘Minor Travel Consent Form (Fòmilè Konsantman pou Vwayaj pou Minè)’ oswa ‘Letter of Consent to Travel with a Minor (Lèt Konsantman pou Vwayaj ak yon Minè)’.
Vwayaj sou dlo oswa anlè:
Pou sila yo k ap fè depa yo sou dlo oswa anlè, CBP pral konfime depa w soti Ozetazini. Sila yo ki itilize aplikasyon CBP Home nan pa p bezwen fè okenn aksyon anplis. Byenke yo pa rekòmande sa, ou ka toujou fè yon rapò depa volontè atravè aplikasyon CBP Home nan epi w ap resevwa yon anrejistreman nimerik konsènan depa w sou aparèy mobil ou a.
Vwayaj sou tè (san wete machin, bis, oswa a pye):
Patisipan yo ka verifye depa yo. Apre w fin kite Etazini fizikman, ouvè aplikasyon CBP Home nan, chwazi “Vwayajè sou wout pou Depa a”, apre sa chwazi “Verifye Depa”
Apre w fin fè depa w soti Etazini sou tè, ou dwe fè swivi sa a nan aplikasyon CBP Home nan:
- Genyen omwen 3 mil distans pou pi piti deyò fwontyè Etazini an.
- Otorize itilizasyon sèvis lokalizasyon sou telefòn ou an.
- Soumèt yon nouvo foto bay CBP Home.
- Soumèt enfòmasyon pèsonèl ak enfòmasyon vwayaj ou, san wete non ak siyati, dat nesans, sèks, nimewo paspò, oswa nimewo anrejistreman etranje, ak peyi ou antre ladan l fizikman an padan w ap verifye depa a.
Wi. Patisipan yo ka jwenn prèv depa yo nan de (2) fason:
- Antre nan “Vwayajè”, chwazi “anlè”, “sou tè” “oswa sou dlo”, epi chwazi “Istorik Vwayaj Mwen an”. Mete enfòmasyon ki apwopriye a, epi aplikasyon an ap afiche enfòmasyon depa CBP Home genyen nan dokiman l yo.
- Si patisipan yo te verifye depa yo atravè aplikasyon CBP Home nan, yo ka chwazi “Vwayajè sou wout pou Depa”, apre sa chwazi “Wè Depa mwen an”.
Wi, si yon etranje swete fè yon depa volontè atravè aplikasyon CBP Home nan, kondisyon sa yo pa anpeche li elijib.
Wi, si yon etranje swete fè yon depa volontè atravè aplikasyon CBP Home nan, kondisyon sa yo pa anpeche li elijib.
Wi, si yon etranje swete fè yon depa volontè atravè aplikasyon CBP Home nan, kondisyon sa yo pa anpeche li elijib.
Reprezantan CBP Home yo ka kontakte w nan telefòn oswa nan imèl. Yo pa p janm mande w enfòmasyon sou kont bank ou, nimewo sekirite sosyal ou oswa modpas ou yo oswa non jèn fi manman w. CBP Home se yon pwogram depa volontè, se pa yon aksyon depòtasyon oswa ICE k ap aplike lalwa. Si ou gen kesyon, tanpri kontakte anbasad ou a oswa kontak ofisyèl CBP Home bay anliy oswa nan aplikasyon an.
Aktyèlman la a, CBP Home disponib nan lang Anglè, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen. Yo pa ko anonse plan pou ajoute lòt lang nan moman sa a.
Mo kle
Sèvis Pwoteksyon Dwàn ak Fwontyè (Customs and Border Protection, CBP)
Sèvis Imigrasyon ak Kontwòl Dwàn (Immigration and Customs Enforcement, ICE)
Dènye Mizajou nan dat : 05/05/2025
Tèt Fòmilè a
Èske paj sa a te itil ou?
Wi
Non